Komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Aken an bay yon chèf gang konje pèmanan.

817


06 – 17 – 2024

Aken, Ayiti____(TRiboLAND) Komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Aken an, Mèt Adrien Exama nan tèt kole ak ekip sekirite li voye yon chèf gang nan vwayaj pou tout rès vi li nan zòn Senlwidisid.

Pou komisè gouvènman pakè Aken an, chèf gang ki tonbe a pote non Meme ensikoni, li jwenn ak zo grann li nan lokalite Zoranje, jounen dimanch 16 jen 2024 la.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, chèf gang Meme ensikoni, te espesyalize li nan fouye moun, motosiklèt ak machin pou pote ale tout ti kichòy yo ta genyen. ‎

Comments are closed.