Nan lide pou pwoteje anviwonman an, agwonòm Noë Mainviel akonpanye peyizan yo.

835


06 – 16 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan lide pou pwoteje anviwonman an, agwonòm Noë Mainviel akonpanye peyizan yo nan Wo 12è seksyon kominal Tigwav, lokalite Boudo.

Selon agwonòm Noë Mainviel, seri aktivite konsètasyon sòl, kanno kontou ak ranp, sèy, se yon zouti enpòtan Leta ta dwe sèvi nan tout tèt mòn komin Tigwav, yon fason pou anpeche Rivyé Ladig anvayi vil la pandan peryòd siklonik yo.

Nan sans sa a, agwonòm Noë Mainviel mande nouvo gouvènman Gary Conille lan, ONG entènasyonal yo, pou akonpanye popilasyon an, anba menas yon seri rivyè ki parèt pi danje nan peryòd siklonik lan tankou: Rivyè Ladig, Rivyè Kayiman, Rivyè Koutis ak Rivyè Dlo Pitit ki twouve li nan Vyalè 1è seksyon kominal Tigwav.

Comments are closed.