“Leaders de Demain” lanse “Fanm Lidè”, yon fason pou ranpòse kapasite yon group fanm nan awondisman Pòtoprens lan.

836


06 – 16 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) “Fanm Lidè” ofisyèlman demare jounen samdi 16 jen 2024 la, yon inisyativ ki vize pou ranfòse konpetans ak kapasite yon 30è jenn fanm nan komin ki fè pati awondisman Pòtoprens lan.

Aktivite sa òganize sou lobedyans “Leaders de Demain”; pwojè sa chita sou ki jan nou ka konstwi yon bon demen nan tèt kole, men ki fokis sou medam yo. Pou lanse “Fanm Lidè”, “Leaders de demain” òganize 2 jounen fòmasyon, youn reyalize jounen samdi a, ak yon lòt jodi dimanch 16 jen an, sou tèm: “Dwa Fanm”.

Fòmasyon sila chita sou kijan fanm yo dwe defann dwa yo, ak kijan yo kapab sezi opòtinite nan batay pou yo emansipe. Fòmasyon sila ede fanm lidè yo vize kòman pou yo gen konfyans nan tèt yo, ak oryante byen nan vi pèsonèl ak pwofesyonèl yo. ‎


Comments are closed.