Komisarya Jeremi an nan yon sitiyasyon kritik, Polisye yo vrèman pa konfòtab nan travay yo

825


06 – 16 – 2024

Jeremi, Ayiti ______(TRiboLAND) Direktè Polis Grandans lan Frantz Saint Amand visite komisarya Jeremi an, e pèmèt Laprès gade nan ki kondisyon polisye yo ap sèvi popilasyon an. Komisarya Jeremi an se yon tonb blanchi, li ka sèlman twonpe solèy men jamè lapli. Espas kote ke polisye yo dòmi, sa fè anpil lapenn; ou pa bezwen mande pou kote yo fè bezwen fizyolojik.

DDG PNH la ki te akonpaye divès otorite di lap bezwen anviwon 3 milyon Goud pou repare komisarya, daprè kèk entèvansyon ki fèt, komisarya gen plis pase 10 lane depi-l konsa. Twati a koule pase lawouzwa, pa gen espas pou ajan yo fè bezwen, pou-n site sa yo sèlman.

Plizyè òganizasyon nan sosyete sivil Jeremi an lanse yon klewon detrès, pou moun ki kapab pote men fò pou ede Direktè depatmantal PNH Grandans lan repare komisarya ki an boulatcha. Depi enstalasyon nouvo DDG a, gen yon van lespwa kap soufle sou depatman sou plan sekirite; sepandan, polisye yo bezwen ankadre ak yon klima ki pwopis ki kapab ede yo devlope plis motivasyon, fyète ak byennèt sosyàl ou kominotè.

Comments are closed.