Anviwon 62 jèn dekwoche sètifika patisipasyon yo nan kad fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND nan komin Monben Kwochi.

943


06 – 16 – 2024

Monben Kwochi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon anbyans wololoy boure ak patisipan, Fondasyon TRiboLAND nan komin Monben Kwochi distribye anviwon 62 sètifika bay jèn fanm ak jèn gason ki te patisipe nan kad yon fòmasyon sou “Dekorasyon” ke ekip TRiboLAND te òganize nan dat samdi 1e pou te rive dimanch 2 jen 2024 dènye a.

Seremoni remiz sètifika sa yo ta pral dewoule ak kè sou biskèt jounen samdi 15 jen 2024 la, nan lokal Lise Fortuné Audate la nan prezans divès gwo zotobre nan komin nan.

Fondasyon TRiboLAND ki genyen nan tèt li Louis Louissaint ke tout moun konnen sou non ” Papa Loulou”, nan tèt kole ak yon ekip solid nan komin Monben Kwochi sou lobedyans Ing Louendy Jean, detèmine tout bon vre pou kwape delenkans jivenil la pandan y’ap distribye yon metye manyèl gratis bay chak jèn atravè peyi Dayiti.

Comments are closed.