SOS/SOS : Mèri Pòdpè ap fè bwas pou vann yon bon pati nan espas Lise Tertullien Guilbaud a.

914


06 – 14 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Katèl sanginè ki toujou afiche yon konpòtman idyo nan administrasyon piblik nan nivo Mèri Pòdpè a, kontinye ap fè vil la monte yon maswife.

Nan yon delegasyon ki te genyen nan tèt li direktè jeneral Mèri a, Guinaud Norvilus akonpanye ajan BI yo, make ou evalye yon bon valè nan espas Lise Tertullien Guilbaud Pòdpè a, pou vann ak yon patikilye.

Enfòmasyon sa a gaye swit ak yon atik lidè òganizasyon Fòs Nou an, Paul Élie Faustin ta va pibliye nan moman n’ap pale la.

Pou plizyè sitwayen ki t’ap reyaji, yo fè konnen, Lise Tertullien Guilbaud se yon patrimwàn yo pap kite yon ekip vwayou ou otorite iletre, ekip asasen, kriminèl ki genyen nan tèt li Josué Alusma vin vann nan espas la.

“Lise Tertullien Guilbaud, pa Eveche Pòdpè a ke yo te kase a”, dapwè yon pitit vil Pòdpè!

Comments are closed.