Sendika chofè motosiklèt yo anvayi lakou Meri Senlwidinò byen bonè maten an.

810


06 – 15 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Byen bonè maten samdi 15 jen 2024 la, chofè taksi motosiklèt yo anvayi lakou Meri Senlwidinò a, nan objektif pou fòme yon sendika pou rezoud pwoblèm moto kap panike popilasyon an.

Nan yon antant sere kole ant Lameri ak responsab sendika chofè motosiklèt yo, yon desizyon arive pran pou fè respekte kòd wout la ki se yon zouti enpòtan pou avansman komin Senlwidinò a.

Sendika chofè motosiklèt yo deside travay brad sou brad sa avèk Lameri pou bay popilasyon an sèvis adekwat.

Comments are closed.