ZAm chante nan Delma 75, byen bonè maten an

828

06 – 08 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Yon latriye kout zam kontrent popilasyon an vake okipasyon li byen bonè maten samdi 8 jen 2024 la. Deblozaj tansyon san zatann sa yo, lakoz divès kote nan rejyon Katalpa, Kasanyòl e latriye paralize.

Toutfwa, otorite lokal pa ko anmezi pou detèminen orijin gro detonasyon kout zam sa yo, alòske popilasyon kazène lakay yo e konsène pou sekirite yo nan rejyon.

Comments are closed.