Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, mande moun kap viv nan rejyon gwavyèn nan, pou pa kache bandi sangwen ou kriminèl evade lakay yo.

914


06 – 05 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, Mèt Pierre Elioth Paul, nan yon pwen deprès, jounen madi 04 jen 2024 la, mande popilasyon kap viv nan rejyon gwavyèn nan, anpatikilye moun Leyogàn, Gran Gwav ak Tigwav, pou pa kache bandi sangwen ou kriminèl evade prizon lakay yo.

Selon komisè Pierre Elioth Paul, desizyon sa a, pran, se nan lide pou evite malfwa yo anvayi rejyon an, li mande pou tout moun ki genyen laj pou sa, pou yo toujou mache ak kat elektoral yo nan pòch yo, ni yo pa dwe sikile ak zam ilegal e resevwa bandi lakay yo.

Mèt la deklare, si yon moun ta resevwa bandi lakay yo, non sèlman moun sa ap resevwa menm pèn ak kriminèl la epi lajistis ap poze sele sou kay la, ki daprè chèf pakè a. Si pa genyen sitirè, pa kapab genyen vòlè.

Alatèt jiridiksyon an, Mèt Pierre Elioth Paul, deklare lapolis ak lajistis ap travay dekonsè nan Rejyon Gwavyèn nan, nan lide pou rive kenbe yon sekirite djam ak fyàb nan tout komin yo.

Comments are closed.