Divès sitwayen angaje denonse yon seri kamyon trelè ak kontenè kap debake sou waf Tigwav la, yo estime kap kraze enfrastrikti woutyè vil la.

943

06 – 04 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Plizyè sitwayen angaje nan vil Tigwav, nan yon interview yo akòde ak laprès jounen lendi 03 jwen 2024 la, pa mete dlo nan bouch yo, pou denonse yon seri chofè kamyon trelè machandiz, kamyon gaz kap debake sou waf Tigwav la, yo estime kap kraze enfrastrikti vil la.

Sitwayen yo deklare, non sèlman trafik transpò yo ap kraze enfrastrikti woutyè vil la, sa kapab antrene bandi rantre gaye kò yo nan vil la, epi devlope movèz pratik dijyèn nan kominote Tigwavyèn nan, pandan yo presize, komin nan pap benefisye oken rantre ekonomik nan aktivite trafik transpò sila yo.

Nan sans sa a, sitwayen angaje yo, mande pou popilasyon an kale je yo, leve kanpe an mas pou manifeste kont movèz pratik sa a, kap devlope nan kominote a.

Nap fè remake, depi lè bandi, sangwen kriminèl Tiboutba pran Mariyani nan dat 02 novann 2023 pase a, se waf Tigwav la, bato yo itilize pou debake kamyon trelè gaz ak kontenè machandiz pou ale nan Gransid, Nip, Grandans, Sidès ak rès Lwès peyi a.

Comments are closed.