Plizyè ayisyen kap travay nan konpayi koupe kann, viktim anba kout manchèt ak bal nan Repiblik Dominiken

853


05 – 29 – 2024

Repiblik Dominikèn___(TRiboLAND) Plizyè Ayisyen kap travay nan konpayi koupe nan Repiblik Dominiken viktim anba kout manchèt ak kout bal jounen mekredi 29 me 2024 la.

Selon kèk temwen, ayisyen sa yo kap travay nan koupe kann nan zòn Lawomanm, yo pa janm peye yo. Ayisyen sa yo ki pran desizyon kanpe travay pou mande pou yo peye yo, dominiken ak chèf sangwen mete ansanm pran desizyon si ayisyen yo pa travay yap touye yo.

San reflechi dominiken yo kòmanse tire kou sou ayisyen yo, genyen sa ki kouri ki gen chans sove, men sak pat gen chans kouri yo, yo tout tonbe anba bal ak manchèt dominiken.

Se tris pou wè kòman yap fè ayisyen yo travay yo pa janm peye yo, sof ba yo yon ti moso manje, lè yo reklame touche se bal ak manchèt yo jwenn kòm rekonpans.

Comments are closed.