Ansyen prezidan Etazini an reyaji sou zak asasinay ki fèt sou 2 misyonè ameriken yo nan peyi Dayiti.

986


05 – 24 – 2024

Wachennton, Etazini__(TRiboLAND) Ansyen prezidan peyi Etazini an, Donald Trump, reyaji rapid vit swit ak zak asasinay 2 misyonè ameriken yo nan komin Kwadèboukè.

Ansyen prezidan ameriken an deklare nan lanwit jedi 23 me sou kont li: “Se pou Bondye beni Davy ak Natalie, yon trajedi konsa montre ke peyi ki pa sou kontwòl.

N’ap raplew, Ben Baker papa viktim nan se reprezantan pati Repibliken an nan Eta Missouri.

Plizyè kritik pat pran tan pou te mete ansyen prezidan ameriken an nan plas li. Yo estime se avèk anpil lejète e iresponsablite ke Donald Trump ap trete yon peyi ke peyi Etazini fè tounen yon Eta ki pa sou kontwòl; se menm komèsan zam ameriken yo k’ap founi gang yo zam nan peyi Dayiti, ki malerezman ap touye pwòp ameriken kap bay kout men anndan peyi Dayiti.

Kèk lòt moun panse ke deklarasyon Donald Trump lan trè senplistik, ki menm anpeche ansyen dirijan Etazini an sonje ke gran-gran paran li ki te soti nan peyi Almay tap souse e fè fòtinn sou moso tè sa ki jounen jodia ki pa sou kontwòl la . Se vre Ayiti se yon savann ki pa dirije ou kontwole; sepandan, menm tè sila ki se yon savann, te itil gran paran Trump yo anpil nan tan pase!

Finalman, se zam peyi Etazini ki touye pwòp ameriken nan peyi Dayiti!

Enel Richard








Comments are closed.