Pati Politik PANH mande pou gen bon jan rapò ki bay sou depans manm konsèy Prezidansyèl la

840


05-23-2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon kominike pou Laprès, pati Politik Patriyotism Nasyonal Dayiti ki pote siyati Reveran Pastè Moïse Louis, mande rapò detaye sou revni ak depans Leta Ayisyen ap bay manm konsèy Prezidansyèl la pou evite koripsyon ak gaspiyaj ou gagotay.

Konsèy prezidansyèl la ilegal, ilejitim ak enkonstitisyonèl; konsa, dwe genyen bon jan kontwòl sou jesyon ak aksyon yap antreprann. Pati Politik PANH adrese yon parèy demann, nan kad yon politik kap fèt nan transparans.

Se plis yon obligasyon pou sa fèt, sa ap ede lage koukouwouj dèyè koripsyon, e l’ap bay jarèt nan batay egalman kont vòlè ak magouyè nan tout fonksyon piblik yo, kote sangwen kòl nan kou pa sispann fè dap piyanp sou byen Leta. ‎

Comments are closed.