Plizyè enstitisyon tounen sèn piyaj pou bandi kriminèl yo nan kapital peyi Dayiti a.

846


05 – 22 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Pou yon lòt fwa ankò plizyè enstitisyon nen nan machwè pase kòm sèn piyaj pou regwoupman gang Viv Ansanm nan kapital la jounen mèkredi 22 me 2024 la.

Pami enstitisyon sa yo genyen, ansyen lokal konsila ameriken ki nan Ri Oswald Durand, Fakilte Dwa ak Syans ekonomik yo, Radiolab, poun site sa yo sèlman.

Dapwè plizyè antite k’ap konstate nivo agresivite gang sangwen yo nan dènye jou sa yo fè konnen, kantite dega regwoupman gang Viv Ansanm fè nan kraze brize, ta dwe yon rezon anplis pou fòs la rantre nan peyi a pi vit ke posib.

Comments are closed.