Divès ekip sekouris nan peyi Iran ap chèche kon chen fou prezidan iranyen an ak plizyè lòt akolit li yo aprè yon aksidan elikoptè.

970


05 – 19 – 2024

Teheran, Iran____(TRiboLAND) Anviwon 40 gwoup sekouris ap chèche kon chen fou prezidan iranyen an, Ebrahim Raisi ak divès lòt akolit li yo, swit ak yon aksidan elikoptè jounen dimanch 19 me 2024 la.

Enfòmasyon sal redaksyon nouvèl TRiboLAND rive boske bò kote kèk medya entènasyonal ta fè kwè, ensidan sa a rive pwodwi akòz tansyon tan ak gwo bwouya ki pat fin kòdjòm nan lwès peyi Iran.

Ebrahim Raisi, prezidan Iran

Raisi te apèn soti nan inogirasyon yon baraj idwolik avèk prezidan azèbadjan an, Ilham Aliyev nan zòn fontalyè peyi Iran ak Azèbadjan, tou pre yon vil ki rele Jolfa.

Nan moman n’ap pale la, 2 pèsòn pako ka retrase anpwent 2 gwo pèsonaj enpòtan peyi Iran yo, kise prezidan, Ebrahim Raisi ak tout minis zafè Lòt Bò Dlo li, Hossein Amir-Abdollahian.

Alòske operasyon sovtaj yo ap rapouswiv; peyi Tiki deja voye yon kontinjan sekouris pou pote kole nan kad operasyon sila ki deja mete nasyon iraniyèn sou biskèt ak gwo lawouli.

Comments are closed.