Gwoup ki konpoze Staff Enfimyè Lopital Imakile Konsepsyon an, selebre Jounen Entènasyonal Enfimyè an grandyoz

37


05 – 13 – 2024


Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Enfimyè yo nan Lopital Imakile Konsepsyon selebre Jounen Entènasyonal Enfemyè yo, atravè yon latriye aktivite ke yo reyalize jounen dimanch 12 me 2024 la nan sal konferans Lopital Imakile Konsepsyon, Pòdpè.

Plis pase yon trantèn enfimyè kap kolabore ak medsen yo nan bay pasyan yo ti moso laswenyay nan Lopital la. Aktivite sa reyalize nan tèt kole ak Direksyon Lopital, ki gen nan tèt li Dr St Phar; Administrasyon an ki gen nan tèt li ADM Arthaud ak chèf pèsonèl Lopital la Maurissaint Petit.

Nan pwopo sikonstans ADM lan, li atire atansyon piblik la enpòtans Enfimyè yo nan fonksyonnman lopital la. Anpil fwa Leta ba yo ratman nan peye yo, malgre tou yo sakrifye yo pou vin bay pasyan yo sèvis.

Comments are closed.