Yon jènn gason aje anviwon 30 lane fè vyòl ou kadejak sou yon ti inosan 13 lane nan komin Tigwav.

1,103

03-13-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jòb ensikoni, se non yon jènn gason aje anviwon 30 lane, fè vyòl ou kadejak sou yon ti fiyèt 13 lane dèdo kay papa li nan yon lokalite ki rele Meyè yèswè dimanch 12 mas 2023 a, ozanviwon 8 tè, selon manm brigad minisipal Tigwav la Férus Benis ki konfime enfòmasyon pou TRiboLAND.

Daprè Benis, vyolè a, itilize yon mouchwa pou bouch fiyèt la avan li komèt zak malonèt sisinaj sila a.

Férus Benis pat mete dlo nan bouch li pou denonse epi kondane yon gwoup moun ki pwòch bandi san fwa ni lwa a, li di, ki fèl pase move moman kwak li te gen tan metrize vyolè a, pou mennen bay lapolis ak lajistis pou swit legal yo, malerezman, pwòch Jòb yo te fèl chape poul li.

Toutfwa, manm brigad minisipal Tigwav la Féru Binis, mande Komisè gouvènmen pakè jiridiksyon an, mèt Pierre Elioth Paul pou mete aksyon piblik an mouvman kont bouwo kadejakè a, Jòb ensikoni, arete li pou swit legal de dwa,yon fason pou fanmi ti inosan 13 zan an, jwenn jistis ak reparasyon.

JOICY Arnold



Comments are closed.