Yon nouvo orè mobilizasyon Sèktè Demokratik Popilè-a

0 352

Nan yon konferans pou Lapwès li bay yè mèkredi-a, pòtpawòl Sèktè Demokratik Popilè-a, André Michel pwomèt pou yo transfòme tout peyi kòm yon “veritab chan batay demokratik” ki gen pou demare Dimanch kap 27 Oktòb kap vini la.

Se pwàl yon lòt vag manifestasyon ke dirijan opozisyon ap mete sou pye yon fason pou lanse yon lòt ofansiv manman penba pou deboulonnen pwezidan Jovenel Moise sou pouvwa-a.

Konsa, chalè mouvman lari-a pwàl vale tèren pou pi rèd apati 27 Oktòb jiska 2 Novanm 2019 la, dapwè Mèt André Michel ki anonse nan semènn pwochenn yap fini pa revele non pwezidan tranzisyon an.  

Leave A Reply