Òganizsyon Kore Kilti ( KÒK) lanse yon pwogram fòmasyon gratis ki rele TAP-TAP pou ede jèn yo aprann yon metye.

799

07 – 04 – 2024

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Òganizasyon Kore Kilti (KÒK) lanse yon pwogram fòmasyon gratis ki rele TAP-TAP pou ede jèn yo aprann yon pwofesyon tankou: afloral, atizana, penti elatriye. Sa vle di tyovi yo se avni peyi a. kalite fòmasyon sila yo pral kontribye nan respè ak dinite jenès la pou yon Ayiti tou nèf.

Pwogram fòmasyon sa pral kòmanse nan fen mwa jiyè pou fini nan mwa out 2024 la, kote yon jèn ap gen posibilite pou aprann tout opsyon yo paske yo pap fèt menm jou.

Responsab KÒK la, Carlin Estima di yo pral mete ansanm tout sa yo te aprann pou ede lòt ti frè ak ti sè yo, yon fason pou yo kapab itil sosyete a demen. Carlin mande patisipasyon ak èd tout sèktè nan sosyete ayisyèn nan pou pwojè sa kapab avanse pi lwen nan kominote nòlwizyèn nan.

Comments are closed.