Florid : Lapolis nan vil Fort Lauderdale fouke yon ayisyen asasen ke yo tap chèche depi twa lane

797

07 – 01 – 2024

Fort Lauderdale, Florid____(TRiboLAND) Aprè ke li te fin pase 3 lane nan mawon nan peyi Dayiti, lapolis nan vil Fort Lauderdale, Eta Florid arive mete men nan kòlèt Madsen Saint-Louis 35 lane, nan moman li te rive nan èpòt Entènasyonal Fort Lauderdale madi ki te 25 jen 2024 la.

Yo repwoche pwezime asasen an kòm kwa li ta responsab nan Orlando, asasina Mackenson Gay jou ki te 31 desanm 2021. Konsa, li kouri san pye’l pa touche tè e pran avyon al kache nan peyi Dayiti. Prezime koupab la, tap eseye tronpe vijilans lajistis amerikèn; konsa, li pase 3 lane nan mawon anndan peyi Dayiti, daprè san anketè ki te genyen antènn sou prezime kriminèl la revele.

Antouka, Madsen Saint-Louis retounen nan plas kote li te komèt krim nan; pandan li te konprann li te kapab tronpe vijilans lajistis amerikèn. Saint-Louis trouve li nan prizon Konte Broward ap reflechi. Li espere transfere nan yon jiridiksyon Konte Orange pou prosesis legal yo.

Comments are closed.