Yon mès Aksyon Degras chante nan Chapèl Notre Dame du Perpetuel Secours nan lokalite Laperyè 3èm seksyon Dègranj nan komin Senlwidinò.

690


06 – 27 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan okazyon fèt Notre Dame du Perpetuel Secours, yon mès Aksyon Degras chante nan legliz katolik la nan lokalite Laperyè 3èm seksyon Dègranj nan komin Senlwidinò, jedi 27 jen 2024 la. Yon seremoni ki te dewoule nan prezans Kazèk, Azèk ak kèk otorite nan sosyete sivil la.

Reveran Pè Kerby Policarpe nan womeli sikonstans lan, mande fidèl yo si yo vle kominote a grandi, se pou yo voye timoun yo lekòl ak legliz; pa kite jalouzi pran chè nan mitan nou. Yon lòt bò li pwomèt kominote a yon lekòl ak yon dispansè solid ak moun ki konpetan ki soti nan zòn nan, pou yon vrè chanjman kapab rive nan zòn nan.

Pè Policarpe ankouraje jèn yo pran chemen lekòl ak legliz ki se chemen pou yon moun reyisi nan lavi a. Li mande yo gade Notre Dame ki pote pitit li, fè edikasyon l pou l te kapab itil popilasyon l demen.

Fidèl yo kite soti nan tout ra kwen, te kontan fè lwanj ak konpliman pou Bondye pandan yo tap mande Manman Perpetuel ede yo fè wout la pou yo kapab reponn ak tout egzlijans lavi a.

Comments are closed.