Sant Nasyonal Ekipman (CNE) lanse “CEN lakay ou” pandan seson siklonik lan

748


06 – 19 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Responsab Sant Ekipman Nasyonal yo (CNE) lanse faz vijilans “CEN lakay ou” nan okazyon sezon siklonik lan ki deja kòmanse. Chak ane soti premye jen pou rive 30 novanm, yon peryòd ki toujou pote gwo tèt chaje nan peyia, akoz mank preparasyon.


Responsab CEN yo kòmanse yon gwo netwayaj nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, kote yo kòmanse dekonjesyone plizyè kanal ki pa janm netwaye. Responsab CEN anonse yo desann atè a pou gade sitiyasyon popilasyon an ap viv, ak pote tout eleman solisyon posib pou amelyore kondisyon lavi yo pandan sezon siklonik lan.

Responsab CEN yo pwofite voye mizankad bay anplwaye SMGRS yo ki tanmen yon mouvman, anpil fwa ki koz yo menm nan CEN konn gen difikilte pou jwenn materyèl. Responsab CEN fini pou di, materyèl CEN se materyèl CEN. Materyèl SMGRS se materyèl SMGRS, menm si yap fè nenpòt mouvman, yo dwe respekte materyèl CEN yo.

Comments are closed.