Konsèy kominal Senlwidinò a rankontre ak nouvo komite kap gen pou jere teren foutbòl Pak Nelson Petit-Frère a.

817


06 – 18 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Responsab teren foutbòl Senlwidinò yo prezanteyon nouvo komite ki pral gen pou jere aktivite yo sou Pak Nelson Petit-Frère ki se yon patrimwan komin nan.

Manistra Gaston Estima mande dirijan yo pou yo chwazi moun ki serye pou entegre komite a; konsa, sa ap pèmèt foutbòl la avanse pi plis nan komin nan. Aprè yon ti diskisyon sou nouvo komite jesyon an, te gen desizyon ki pran pou ajoute lòt manm pou agrandi komite a.

Yon komite 13 manm fòme jounen madi 18 jen an ki gen reponsabilite jere zafè Pak Nelson Petit-Frère ak yon manda ki pa defini. Pou demare ak misyon yo, komite a kase randevou vandredi maten pou yon premye envantè avan yo rantre nan chan travay yo.

Nou vle soulinye ke rankont sila te fini avèk anpil siksè, paske depi nan lane 2016, otorite yo ak komite kap fè jesyon teren an pat janm chita sou yon plan komen pou bon mach teren kominal Senlwidinò a.

Comments are closed.