Plan International reyisi Premyè Edisyon konkou lèkti ak ekriti avèk divès lekòl nan depatman Sidès lan

824


06 – 16 – 2024

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Plan International reyalize jounen samdi 15 jen 2024 la, Premyè Edisyon konkou lèkti ak ekriti avèk plizyè lekòl nan diferan komin nan depatman Sidès la. Lise Musac ranpòte premye pri a, aprè analiz manm jiri yo.

Konkou sa reyalize avèk 6 lekòl ki soti nan diferan komin, tankou: Jakmèl, Kay-Jakmèl, Lavale ak Marigo. Plan international reyalize li nan objektif pou gade nivo progresyon elèv yo nan sa ki gen pou wè ak lèkti ansanm avèk ekriti.

6 lekòl ki te patisipe yo se École National Cap-Rouge, Institution Mixte Père Louis Farnèse, École Nationale de Lafond, Lycée Musac, École André de Payen. Chak lekòl sa yo te genyen yon delagasyon 5 elèv pou reprezante yo.

Tout lekòl ki patisipe yo benefisye divès pri, tankou: laptop, tablèt, meday, twofe, diksyonè. Anplis de sa yo, Plan International enplante 7 espas pou timoun yo jwenn kote pou fè lèkti nan zòn: Musac, Lafond, Mornes-à-Bruler, Cap-Rouge e Marigot.

Divès moun ki te patisipe nan aktivite sa manifeste santiman satisfaksyon yo, e swete yon inisyativ parèy toujou fèt nan depatman an.



Comments are closed.