Kòdonatè kazèk 4èm seksyon Rivyèba nan komin Senlwidinò, Arnold Gustave mande popilasyon an rete veyatif pandan sezon siklòn nan.

824


06 – 02 – 2024

Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND) Kòdonatè kazèk 4èm seksyon Rivyèba nan komin Senlwidinò, mande popilasyon an pran tout bon jan dispozisyon ki nesesè pou pwoteje tèt yo, byen yo ak vi yo pandan peryòd siklònik lan kap dire 6 mwa sou peyi a.

Kazèk Arnold ki te rankontre TRiboLAND, mande tout moun ki gen gwo pyebwa pandye sou kay yo, koupe branch sispèk yo; pa mare bèt yo kote ki pa ansekirite, pa rete kote tè ap kase, mete vi ak vi fanmiy nou an sekirite, papye ou pyès enpòtan yo, dwe egalman an sekirite.

Kazèk Arnold pwofite okazyon an pou l mande responsab yo nan leta pran bon jan dispozisyon ki nesesè pou garanti sekirite popilasyon an san distenksyon e sou tout fòm lèlkeswa jan sa ta prezante nan peyi a.

Kòdonatè kazèk la mande moun nan Fon Rivyèba kontinye mobilize jiskaske agwonòm nan retounen nan Senlwidinò ak Ansafolè nan objektif pou vin trete ravin ki te inonde zòn nan pandan pasaj gwo lapli mwa me pase a.

Depi jodi a kòmanse swiv tout konsèy meteyo yo, pou sezon siklòn nan pa fini mal pou nou!

Comments are closed.