Direksyon depatmantal Jenès Wavoda an Aksyon : konkou ak remèt prim pou majorèt

830


05 – 26 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Jenès Wavoda an Aksyon nan depatman Nodwès la pral gen chans òganize yon konkou majorèt epi remèt prim bay gwoup ki ganyan yo, jounen jodi dimanch 26 me 2024 la, nan Kalaloo Disco Club, Senlwidinò.

Selon Kalen Estima alyas mèt kòk, konkou a ap òganize nan objektif pou ede jènès la devlope talan yo epi ankouraje yo rantre nan dinamik pou vin itil pwòp tèt yo. Festivite sa ap reyini plis pase 25 majorèt, kote yo pral gen chans patisipe epi soti ak prim ankourajman yo.

Mèt kòk ap mande tout popilasyon Nòlwizyèn nan vin vote majorèt pa w la, yon fason pou rann festivite pi grandyoz.

Comments are closed.