Regwoupman gang Viv Ansanm okipe lokal Lakou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif lan jounen dimanch 19 me 2024 la.

868


05 – 19 – 2024

Pòtoprens, Ayiti___(TRiboLAND) Regwoupman gang “Viv Ansanm” deside okipe tout bon vre pi gwo enstitisyon administratif peyi Dayiti a. Pou yon lòt fwa ankò, jounen dimanch 19 me 2024 la, bandi sansal ak gwo zam manch long nan men yo okip Lakou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif la.

Plizyè konseye ki deja okouran ke bandi yo nan lokal, lanse yon kri alam ak divès antite ki nan PNH la, nan lide pou ede pwoteje dokiman sansib ki nan espas la.

N’ap raplew, depi plizyè jou, Lakou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif tounen yon lakou kote nèg sangwen ak zam ap paweze tanzantan. ‎

Kèk kritik ta ankouraje fòs lòd yo ansèkle espas la pou yon semèn jiskaske grangou fòse sangwen yo mete tèt deyò!

Comments are closed.