Ansyen Vis Pwezidan Etazini an, Joe Biden lonje dwàt jouda sou administrasyon Donald Trump la ki afiche enkonpetans nan kriz peyi Dayiti-a

0 359

Nan yon twit ke li fè byen bonè maten an, Ansyen Vis Pwesidan peyi Etazini an denonse enkonpetans administrasyon Donald Trump lan dèske li afiche yon konpòtman enkonpetan nan deplòtonaj kriz sosyo-politik kap bwase bil peyi Dayiti-a.

Biden ki estime Trump pa menm manke fè yon tankou pou wè si li ta arive fè aktè politisyen ayisyen yo debouche sou yon antant nan mawondaj kriz peyi Dayiti-a. Vis Pwezidan an rapouswiv pou di, “Si mwen te pwezidan, mwen tap arive pwomote dyalòg yon manyè pou evite tout vyolans ak enstabilite pwan chè nan peyi Dayiti”  dapwè Biden, ki se youn nan kandida demonkrat pou pwochen kous pwezidansyèl yo nan peyi Etazini.

Selon anpil analis, twit Joe Biden lan kapab mal entèpwete, sitou lè moun ap konstate a ki pwen tout pwotestasyon popilè kap fèt atravè peyi Dayiti pa manke denonse konplisite gouvènman ameriken nan sistèm newokolonyalis sa kap detwi Ayiti depi dig dantan.

Leave A Reply