Mèri Pòdpè lage koukouwouj dèyè bèt san mèt ki lage nan lari sou moun

813


07 – 03 – 2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Lamèri Pòdpè lage koukouwouj dèyè zannimo ki lage nan lari jounen mèkredi 03 jiyè 2024 la, ajan sèvis vwari nan Mèri a kòmanse mete lapat sou zannimo sa yo kèk jou aprè yo tef è sòti yon kominike pou mande moun yo mare zannimo yo.

Ajan vwari yo mete lapat sou divès kabrit, kochon ki lage nan lari a. Daprè sa responsab yo di, tout moun konnen daprè la lwa elvaj entèdi. Se pou sa avan menm yo kòmanse mete men sou zannimo kap pyafe nan lari piblik, yo te mande moun yo mete yo nan kòd.

Daprè sa ki ekri nan nòt la, si yon moun ki te yo mete men sou yon zannimo, moun sa ap peye 2500 Goud pou rekipere-l kòm amand. Si 7 jou pase moun sa pa vin pran zannimo a, Lamèri ap vann zannimo a daprè la lwa.

Divès moun nan kominote a bat bravo pou inisyativ sa, akoz anpil fwa zannimo ki lage nan lari a toujou bay gwo pwoblèm anviwonnmantal. Kèk lòt moun swete egalman ke se pa “Show Business Kòripsyon” bò kote swa dizan ajan enterimè Josué Alusma ki pa janm rate yon okazyon nan chèche filyè lajan ki pa janm kolekte pou fè travay komin Pòdpè a.

Comments are closed.