Lapolis nan depatman Nòdwès la kraze yon gwo koure nan vil Pòdpè

768

07 – 03 – 2024

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan vil Pòdpè voye yon gwo koure al bwa chat jounen mèkredi 03 jiyè 2024 la.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn korespondan TRiboLAND yo, gwo koure ki tonbe anbal bal la ta sòti nan zòn Bon Repos yon lokalite nan komin Kwadèboukè depatman Lwès peyi Dayiti.

Nan moman n’ap pale la, gwo koure a ki genyen yon pantalon ble ak yon mayo nwa sou li ap benyen nan san li. ‎

Comments are closed.