Komite Lokal Pilotaj Monfò a enstale yon balansin ak yon tobogan sou plas Sen Monfò a

772

07 – 03 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Komite Lokal Pilotaj Monfò a enstale jounen mèkredi 03 jiyè 2024 la, yon balansin ak yon tobogan sou Plas Sen Monfò a nan vil Pòdpè.

Pwojè pou mete balansin ak tobogan sou Plas Sen Monfò a te jwenn finansman Fondasyon Digicel a yon wotè 150 mil Goud, epi egzekite sou lobedyans Feness Shop soudi ki gen nan tèt li Mèt Sony Cadestin.

Komite Lokal Pilotaj Monfò a te tanmen demach sa, nan objektif pou kreye lwazi pou timoun yo sou plas la. Aprè mini teren baskèt pou jèn yo jwe, konnya timoun piti yo gen lwazi pa yo sou Plas Sen Monfò.

Comments are closed.