Nouvo Komisè Gouvènman Pakè Okay la enstale nan fonksyon li

807

07 – 02 – 2024

Okay, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèt James Jean-Louis enstale nan tèt Pakè Okay la, jounen madi 02 jiyè 2024 la. Se Delege depatmantal Sid la, Ketnor Joseph Estinvil ki te prosede ak enstalasyon sila. Mèt James ranplase nan pòs sa Richemond Ronald Minis Jistis la revoke pou divès plent yo resevwa kont li.

Nouvo CG Okay la mande kolaborasyon tout moun nan jiridiksyon an, e li pwofite di moun yo pòt Pakè ap toujou rete ouvè pou tout plent. Ap gen bon jan koulwa kominikasyon ki kreye pou fasilite travay la. “Nou pral mache chèche bandi yo tout kote yo ye, san oken eksepsyon”, se pami yon seri gwo deklarasyon CG an fè.

Nouvo CG a, pwomèt tou, nan tèt kole ak lòt aktè nan aparèy jistis la pou fè Yon seri odyans yon fason pou konbat detansyon prevantiv pwolonje nan jiridiksyon an. Kreye yon klima konfyans nan mitan popilasyon Sid la, se yon priyorite pou nouvo CG an akoz konfyans ki pat genyen nan ansyen CG a, kote non li te toujou enplike nan yon seri kònivans ak bandi.

Comments are closed.