Moise Jean Charles invite espesyàl nan anbasad amerikèn : yon kout kouto nan do pou Larisi

996

07 – 02 – 2024

Finalman li pa rime ankò se konfime! Mariaj ki tap would ounou ounou anba anba a ant Moise Jean Charles ak peyi Etazini li konfime nan gwo sòlòkòtò ki fèt jounen jodia nan anbasad amerikèn nan okazyon 4 jiyè, fèt ki make endepandans peyi Etazini, komin Taba.

Chanpay, manje ak gagotay te atire yon bon valè enfòman, politichyen ak richyen ayisyen sankoutcha ki pa sispann vann dinyite yo ak santiman patriyotik yo devan pedestal kolon ki mete peyi Dayiti ajenou; se gras ak konplisite yon latriye konze biznisman sangwen ki abitye vann peyi a nan ti mamit.

Moise Jean Charles ki genyen yon defisyans onètete ak koerans, pèdi pye yon latriye fwa nan bay kout kouto nan do. Yon parèy kou di pou Larisi, pa kapab etone pèsònn moun kap gade pase politik ou trajektwa politik ansyen senatè Nò a, ki pa sispann bay plizyè antite so chat ak kou trèt sou echikye politik la.

Antouka se konfime, avèk anpil espwà ou garanti pou pa kontinye brandi drapo Larisi sou moso tè Desalinn lan, peyi Etazini ta sanble ap fè Moise Jean Charles je dou; yon maryaj ki jwen benediksyon Konsèy prezidansyèl tranzisyon an e ki kore ak yon seri dikta ke Premye Minis Garry Conille ap resevwa nan Gro Kay la.

Anfen se fini! Van an vire pou tout moun ki te toujou kwè nan Konze Chal Oska ou manipilatè san kolònn vètebral ki pa sispann jwe ròl machann peyi ou trèt kap trese lèl nan kad preparasyon pwochèn eleksyon prezidansyèl yo nan peyi Dayiti.

Enel Richard

Comments are closed.