Lapolis nan tèt kole ak Lajistis mare kou krab 2 pwopriyetè kenkayri nan komin Tigwav

815


07 – 02 – 2024

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Otorite lapolis dekonsè ak Lajistis mare kou krab maten madi 02 jiyè 2024 la, 2 pwopriyetè kenkayri epi lage manda dèyè plizyè lòt.

2 pwopriyetè kenkayri sa yo, jwen arestasyon yo, paske yo kenbe yo an flagandeli ap debake yon machandiz ilegal yo detounen, pandan yo pa kapab bay okenn esplikasyon ni pouve resi yo achete yo achete marchandiz la.

Nan moman repòte TRiboLAND ap redije atik sila a, 2 bizisman sa yo, ap reflechi nan gadavi Gran komisarya komin Tigwav pou swit legal yo.

Li enpòtan pou souliye, se pa sèlman 2 responsab kenkayri yo kap pran kòd nan Tigwav, genyen plizyè lòt moun kap vann pwodwi alimantè ki pral mare kou krab, akoz yo lage kò yo nan vye pratik achete marchandiz ilegal bandi detounen.





Comments are closed.