Bandi sangwen ame kidnape kire Pawàs komin Gresye a

862

07 – 02 -2024

Gresye, Ayiti_____(TRiboLAND) Bandi sangwen ame kap opere nan lokalite Gresye kidnape Pè Emmanuel Saintéliat, kire Pawòs komin Gresye yè lendi 1 jen 2024 la, daprè sa acheveche Pòtopwens te aprann.

Depi kèk jou, gang yo pa sispann defye debakman fòs peyi Kenya yo ki antre vini mete diven nan dlo bandi sansal yo. Konsa, aprè masak key o tef è sou plis pase yon ventèn moun ak demolisyon komisarya komin Gresye a, finalman yo kidnape Pè Saintéliat anndan Presbitè komin Gresye a.

Daprè enfo yo, pa ko genyen reklamasyon ranson pou viktim nan; sepandan, responsab katolik yo ap miltipliye bwas nan lapriyè e reklame liberasyon imedyat leader relijyez la.

Comments are closed.