Lapolis nan vil Gonayiv mete anba kòd yon gwo koure sangwenn.

793


07 – 01 – 2024

Gonayiv, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon operasyon lapolis efektye nan vil Gonayiv mete anba kòd Likesi Prospère youn nan chèf gang Eric Prospère ki te konn fè lapli ak bontan nan depatman Nòdwès la.

Daprè deklarasyon anpil moun nan popilasyon Senlwidinò ki ta fè kwè Likesi te touye plizyè moun nan komin nan sou rènn Eric Prospère.

Bandi kidnapè Likesi te pati al pran refij nan peyi etranje, e antre nan peyi Dayiti aprè retounen vin ekzèse pwofesyon kidnapping. Konsa, Bòs vann zouti l, men li pa konn vann metye.

Nap raple, bandi sangwen ki konpoze tout kriminèl “Frè Prospère” yo ki tap taye Banda nan Senlwidinò ak Lakwa Sen Jozèf, te toujou ap travay pou yon ansyen senatè Nòdwès ki te ra gagann nan kòripsyon.

Comments are closed.