Lapolis nan depatman Nòdwès peyi Dayiti blese mòtèlman 2 endividi jounen lendi 01 jiyè 2024 la.

858


06 – 01 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan site Kapwa Lamò a, blese mòtèlman 2 endividi nan zòn Twarivyè jounen lendi 01 jiyè 2024 la.

Selon kèk enfòmasyon korespondan TRiboLAND yo rive rekeyi bò kote jounalis Yvnert Thervil, ki te prezan sou sèn nan, mansyone ke 2 endividi sa yo se Walens Petit Frère ak Johnley Ensikoni.

Nan moman n’ap pale la pako gen twòp detay ki bay sou aktivite 2 lawon sa yo ki deja transpòte nan mòg.

Comments are closed.