Endividi mal entansyone fèmen labatwa Rivyèba a ak kloti anbwa.

807


07 – 01 – 2024

Senlwidinò, Ayiti______(TRiboLAND) Yon gwoup endividi mal entansyone pran plezi fèmen espas lameri te bay pou machann kap vann vyann yo touye zannimo yo.

Selon kèk pwoch, ta sanble gen yon gwoup politisyen kap atake ekip meri a nan zòn Rivyèba. Konsa, pou yo kòmanse ak konplotay yo, yo fèmen labatwa a ak yon bayè anbwa. Yo rete ap tann entèvansyon lameri, yon fason pou deblozaj yo deklentche.

Se yon fim tout moun ap swiv yon fason pou wè ki moun ki gen dwa pou fèmen oubyen ouvè yon espas pou yon sèvis piblik nan tè leta.

Comments are closed.