Ansyen Batonye Lòd Avoka Pòdpè a, Mèt Dusmesle Elunès mande pou CSPJ anile nominasyon Dwayèn TPI Pòdpè a

643


07 – 01 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Ansyen Batonye Lòd Avoka Pòdpè yo, Mèt Dusmesle Elunès mande Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a pou anile nominasyon Jij Maude Jean Baptiste kòm Dwayèn Tribinal Premyè Enstans Pòdpè.

Daprè ansyen chèf Avoka Pòdpè yo, Jij Maude Jean Baptiste pa ka Jij denstriksyon ak Dwayèn an menm tan. Ke otorite Lajistis yo fè yon chwa paske sa sabote fonksyonnman tribinal la.


Daprè Mèt Dusmesle toujou, Jij Maude fè konnen li pa lye an tanke jij denstriksyon, anplis li pa bay men leve. Si-w Jij denstriksyon ou pa ka di Avoka ou pa bay men leve, sa se vyolasyon atik 80 kòd denstriksyon krinimèl la. Sa moutre ke Jij la pa vin travay pou byennèt kominote a.

Mèt Dusmesle Elunès fini pou mande CSPJ regade tablo Jij yo, pou fè yon chwa daprè dekrè ki di me kòman pou nome yon Dwayen.

Comments are closed.