ABA SATAN mande pou Leta dedomaje moun yo kraze kay yo nan perimèt èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture a

804


07 – 01 – 2024

Taba, Ayiti _____(TRiboLAND) Nou gen dwa pou nou manje lajan nou, se konsa Asosyasyon Baz Solid an Aksyon Tèt Ansanm kòmanse chante nan moman yo t’ap bay yon konferans pou laprès jodi lendi 1e jiyè 2024 la.

Divès moun ki te la, t’ap mande Leta pou dedomaje yo pou kay yo otorite yo kraze nan perimèt èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture a. Moun sa yo pwente dwat sou ajan Egzekitif Entériné Taba a, Majistra Nice Simon yo ta fè kwè ki fè wout kwochi ak lajan yo.

Moun sa yo ki prè pou negosye, mande tout enstitisyon ki la pou sa, di yon mo pou yo paske yo pa kabap ankò. Aba Satan group, ki fòme konbit moun kay kraze, di yo pou lapè si Majistra Nice vle, konsa yo prè pou lagè si li vle.

Comments are closed.