Sityasyon prizonye yo nan prizon sivil Ansavo a malouk anpil anpil.

933


06 – 30 – 2024

Ansavo, Ayiti____(TRiboLAND) Prizonye yo nan prizon sivil Ansavo a ap konnen lavi difisil depi yon bon bout tan. Divès nan prizonye sa yo ap mande sa yo fè y’ap peye akòz grangou, soufrans gwo maladi san asistans medikal ak lamanjay.

Dapwè Enfòmasyon jounalis T Carry Maître vocal pataje ak sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, plis pase yon santèn prizonye deja pran fòm eskelèt akòz move tretman, mete sou pwoblèm laswenyay k’ap taye banda anndan espas kaseral la.

Nan sans sa a, plizyè sitwayen nan sosyete sivil Ansavo a mande ak mouche Leta patikilyèman minis jistis ak sekirite piblik la, Mèt Carlos Hercule pou panche prese prese sou ka ijan prizonye Ansavo yo sa yo kap mouri pa makònn.



Comments are closed.