Batonye lòd avoka yo nan bawo Pòdpè kritike grèv komisè gouvènman yo epi mande minis jistis la aji vit pou sove jiridiksyon Nòdwès la.

812


06 – 30 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Batonye lòd avoka yo nan Bawo Pòdpè a, Mèt Edler Louima, kritike grèv san rete komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans jiridiksyon Nòdwès la ki paralize fonksyonman sistèm jidisyè a nan Nòdwès.

Pou Edler Louima li pa posib pou komisè gouvènman yo ap fè grèv san limit depi mwa oktòb pou jis rive nan moman n’ap pale la a. Pou chèf alatèt avoka Pòdpè yo, se tankou tribinal premyè enstans jiridiksyon Nòdwès la pa egziste.

Pou repwann aktivite jidisyè yo batonye lòd avoka yo, Mèt Edler Louima plede anfavè fonksyonman tribinal la pandan li mande ak minis jistis la, Mèt Carlos Hercule, pou li swa reponn ak egzijans komisè yo oubyen tchoule yo sou kote paske gen twòp moun k’ap soufri sou kont komisè gouvènman yo.

Comments are closed.