Batonye lòd avoka yo nan Bawo Pòdpè a plede anfavè nominasyon jij yo nan Tribinal Depè nan jiridiksyon Nòdwès la.

751



06 – 30 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Batonye lòd avoka yo nan Bawo Pòdpè a, Mèt Edler Louima, plede anfavè nominasyon jij yo nan Tribinal de Pè jiridiksyon Nòdwès la jounen dimanch 30 jen 2024 la.

Mèt Edler Louima ki t’ap pale montre enkyetid li genyen fas yon sistèm jidisyè dan rachòt, andegraba, mal makak, akòz absans plizyè jij Depè.

Nan sans sa a, batonye a pat ezite prezante yon tablo sonb sou fonksyonman tribinal Depè yo lè’l fè konnen, tribinal Depè Pòdpè ap fonksyone ak yon sèl jij paske, jij Maxime Dumagène non sèlman li pa kapab, men tou, li ta dwe deja pran pansyon li. Tribinal Sen-Lwidinò yon sèl jij ki genyen plis pase 80 zan, zile Latòti zewo paske jij kite nan tribinal la mouri, Basen-ble yon grenn jij ki pafwa pase nan tribinal la, Chansòl, Mawouj, poun site sa yo sèlman, se menm kad figi a.

Pou rezon sa yo, batonye lòd avoka yo nan Bawo Pòdpè a plede anfavè bon jan fonksyonman sistèm jidisyè Nòdwès la, lè li mande ak gouvènman Dr Garry Conille lan nan tèt kole ak minis jistis la, Mèt Carlos Hercule, pou panche sou latriye pwoblèm ak kalite kriz jiridiksyon Nòdwès la ap konfwonte chak jou ki jou.

Comments are closed.