Bandi ak zèl sapat nan nivo komin Gresye repwan kontwòl komisarya Gresye a pou yon nyèm fwa.

797


06 – 30 – 2024

Gresye, Ayiti_____(TRiboLAND) Bandi sansal loudman ame ak zèl sapat nan pye yo, atake komisarya Gresye a jounen dimanch 30 jen 2024 la e fòse polisye yo kite espas la san pye yo pa pèdi tè.

Bandi sangwen

Bandi sa yo ki pa sispann jwe yon jwèt lago lago tisengle ak Lapolis Nasyonal Dayiti ki te repouse yo nan mwa ki sot pase a, atravè yon videyo ki viral sou rezo sosyal yo montre ke yo repran kontwòl komisarya Gresye a; yon endikasyon ki esplike dimansyon vilnerabilite PNH la.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, nan moman bandi yo t’ap tante atake komisarya a yon bandi ta bwè dlo bouch li, sa ki kòz yo piye tout materyèl ki te andedan komisarya a epi mete dife.

Comments are closed.