ANAPAMEL, se non yon asosyasyon medya anliy ki lanse ofisyèlman nan depatman Latibonit.

633


06 – 30 – 2024


Latibonit, Ayiti _____(TRiboLAND) Komite patwon medya anliy yo, nan depatman Latibonit, lanse ofisyèlman, yon asosyasyon medya anliy ki pote non ANAPAMEL jodi dimanch 30 jen 2024 la.

Nan okazyon lansman an, komite a anonse yo pral travay pou fè pwès anliy lan, vin endepandan, enfòme popilasyon pi byen, rezoud problèm tout jounalis ki an pann yon téléfòn Android.

Toutfwa, komite a swete aji sou ansanm moun kap itilize telefòn Android pou bay enfòmasyon ki pa genyen okenn fòmasyon jounalistik, yon sitiyasyon yo estime ki kapab koze gwo dega nan sosyete a, pandan yo di, yo pral travay, nan pwochen legislatif ki pral syeje nan palman ayisyen an, pou lejifere sou medya anliy yo.

Comments are closed.