Popilasyon Mache Kana enskri yon chèf gang 400 Mawozo nan pwogram Bwa Kale a

818


06-29-2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAzND) Popilasyon Mache Kana enskri yon chèf gang sansal 400 Mawozo a nan program bwa kale a jodi samdi 29 jen 2024 la.

Konsa, bandi sila ki te toujou ap teyorize popilasyon an nan zòn Kwadèboukè, Galèt Chanbon, Nan Papay elatriye, pase anba bwa kale pandan li tap chèche kote pou l kache tèt li.

Selon deklarasyon’l, li ta fè konnen li te gen yon galil nan men li, Lanmò Sanjou pran l nan kanpay ramase zam nan geto yo, ebyen tout nèg ap chèche chape kò yo pou jwenn kote ki pi bon pou yo kache. Malerezman, chèf gang sangwen sila pèdi patiraj li e pran nan woulo.

Comments are closed.