Fondasyon TRiboLAND reyisi klotire 2 jounen fòmasyon sou kwizin ak patisri nan zòn Lakwa Sen Joseph

871


06 – 29 – 2024

Lakwa Sen Joseph, Ayiti ____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND reyisi klotire 2 jounen fòmasyon sou kwizin ak patisri jounen samdi 29 jen 2024 la, nan lokal Legliz “Mont-Thador”, Lakwa Sen Joseph.

70 jenn fanm ak gason reponn divès detay ki lye ak domèn kwizin ak patisri nan La Croix Saint Joseph ki trouve-l nan 2è seksyon komin Pòdpè. Fòmasyon sa reyisi sou lobedyans Madam Erline Honoré Mocombe nan tèt kole ak komite sou plas la ki genyen nan tèt li: Pastè Ariste François, Camelite Jean ak Gary Augustin.

Fondasyon TRiboLAND ap rapouswiv pwosesis fòmasyon yo nan tout peyia, nan lide pou konbat delenkans Jivenil ak moutre jèn yo kòman pou yo vole ak pwòp zèl yo san yo pa peye yon yota.

Fondasyon TRiboLAND se yon medya anliyn ki pa kontante-l sèlman nan pataje enfòmasyon, men tou enplike-l nan fòme ou bay tout jenn fanm ak jenn gason fòmasyon gratis nan tout peyia sou leadership Louis Louissaint anpil moun konnen sou non Papa Loulou.

Comments are closed.