Divès sektè nan komin Tigwav moute okreno pou esprime lakontantman fas ak debakman fòs miltinasyonal la nan peyi Dayiti

772


06 – 29 – 2024


Tigwav Ayiti ___(TRiboLAND) Plizyè sektè nan komin Tigwav, moute okreno pou eksprime kontantman yo fas ak fòs miltinasyonal peyi Kenya a ki vin bay polis nasyonal la yon booster nan kad retabli lapè nan sosyete ayisyèn nan.

Pami sektè sa yo, vodou, politik, edikasyon ak lòt sèktè òganizasyonèl, eksprime kontantman yo fas ak debakman fòs miltinasyonal la; konsa, konsta yo montre ke sòlda batayè afriken yo finalman ateri sou sòl papa Desalin nan, yon fason pou vin ede polis nasyonal la mete lòd nan dezòd, daprè divès sèktè.

Sektè sa yo, ki kontan anpil pou aterisaj fòs miltinasyonal la, deklare, yo kwè fòs la kapab ede polis nasyonal ayisyen an, pote yon amelyorasyon nan sitiyasyon difisil bandi, sangwen, kriminèl yo mete peyi a.

Ansanm sektè sa yo, ale pi lwen pou di, se 3 pigwo bagay ke yap tann nan men nouvo gouvènman CPT Conille lan, dekonsè ak nouvèl fòs miltinasyonal la, yon fason pou mete sekirite, retire fatra epi òganize eleksyon onèt, kredib, e transparan, yon fason pou dote peyi a, yon gouvènman lejitim pou remete kanpe tout enstitisyon yo ki te kraze plat atè.

Comments are closed.