Premye minis Garry Conille kite peyi Dayiti, pou yon vizit, yon semèn nan peyi Etazini Damerik.

797


06 – 28 – 2024


Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Premye minis Garry Conille vwayaje kite peyi Dayiti, maten vandredi 28 jen 2024 la, pou yon semèn vizit nan peyi Etazini.

Objektif vizit sa a, daprè yon sous ki pwòch kabinè premye minis lan, se pou al rankontre ak otorite meriken yo, epi pwofite chita pale ak dyaspora ayisyèn nan; sepandan, pa genyen twòp detay sou ajanda PM Conille ki pati pou yon semèn.

Atretan, anpil sitwayèn ak sitwayen ap poze kesyon pou konnen, ki jou, ki dat, fòs miltinasyonal ap komanse ede polis nasyonal nan mete lòd nan dezòd kap fèt nan peyi a, depi plizyè ane.

Comments are closed.