Ansyen kòdonatè kazèk 3èm seksyon Dègranj lan, kritike dirijan yo pou fason yap administre komin nan.

537


06 – 28 – 2024

Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND) Ansyen kazèk 3èm seksyon Dègranj lan Louicidas Joseph kritike katèl kazèk aktyèl la ak administrasyon kominal la, pou fason y’ap jere komin nan. Li soulinye eka ki egziste ant otorite yo ak milye peyizan yo kòm pi gwo andikap pou fonksyonman komin nan ak seksyon yo.

Ansyen kazèk Chalo montre anpil rezon ki motive fenomèn ensekirite ak vyolans sou fanm ak timoun yo nan milye riral yo tankou : absans prezans otorite yo, jij Depè nan tribinal la ki pap travay anfavè moun ki pa gen lajan, se pi gwo feblès ki lakòz chak jou fanm ak timoun ap viktim san yo pa janm jwenn jistis nan seksyon yo.

Asyen kazèk la mande otorite yo rejwenn popilasyon an kap tann prezans yo pou etabli lòd ak disiplin nan seksyon yo; yon fason pou lapè tabli, pou bon jan eleksyon fèt, pou pèp la chwazi moun ki sanble avèk li.

Comments are closed.